Ispan ap deplore atak ak zam endividi yo pa rive idantifye fè sou Direktè Teknik An Apre li, Enjenyè Clarens Baptiste.

Evènman malere sa a rive jounen madi 23 fevriye a bò 10 zè nan maten nan ri “Duncombe” ki nan Pòtoprens, kote bandi sou motosiklèt tire sou machin direktè a t ap kondi a. Asistan Direktè teknik la ki touche nan tèt ak nan do li t al pran swen nan yon lopital nan kapital la kote li sibi de operasyon.

Sepandan, yon pwòch yon anplwaye ISPAN ki te ak Direktè a, mesye Mackenson Saint Cyr, te touche tou e li sikonbe nan machin nan.

Nan ka sila, ISPAN ap mande otorite ki la pou sa yo pou mennen ankèt epi jije avèk rigè tout malveyan ki enplike nan zak sila.

Direksyon Jeneral ISPAN

Leave a Comment