Aprè yon pati nan kay Charlotin Marcadieu a te fin tonbe nan lanwit 4 novanm 2025 lan, ISPAN nan tét kole ak kominote Desalin nan netwaye sit la epi mete materyo yo apa .
ISPAN pwofite pou remèsye chak grenn sitwayen ki pote kole nan travay sila: Lajenès, sosyete sivil, otorite lokal ak benevol yo; chak grenn moun ki kontribye nan yon fason ou yon lòt. Nou ankouraje kominote Desalin nan, ki moutre anpil angajman e ki atache ak patriman li, pou kontinye kolabore ak ISPAN, pou ansanm, nou rive transmèt patrimwàn yo bay jenerasyon k ap vini yo nan pibon e t a posib.





