Kisa ki yon patrimwàn ?

Gen plizyè repons pou kesyon sa a. Youn ladan yo, ki gen yon gwo enpòtans, se definisyon Konvansyon Patrimwàn “Unesco” 1972 la :

Patrimwàn kiltirèl

Tout moniman ki gen yon valè eksepsyonèl nan sa ki gen pou wè ak Listwa, Za oubyen Lasyans ;

Gwoup konstriksyon (swa yo separe oubyen yo reyini ansanm) ki ,poutèt achitekti yo, jan yo fè youn, jan yo chita nan milye kote yo ye a, gen yon valè eksepsyonèl nan sa ki gen pou wè ak Listwa, Za oubyen Lasyans ;

Sit yo ki se zèv lèzòm oubyen zèv moun maryande ak Lanati ak tout zòn yo ladan | yo ki gen yon valè eksepsyonèl nan sa ki gen pou wè ak Listwa, fè bèbèl, etnoloji oubyen antwopoloji.

Patrimwàn natirèl

Moniman natirèl yo, ki se tout fòmasyonfizik epi biyolojik ki gen yon valè eksepsyonel nan sa ki gen pou wè ak bèbel oubyen Lasyans ;

Tout fòmasyon jewolojik, karakteristik Nati a, zòn ki delimite paske yo sèvi kay pou yon seri espès bèt oswa èspès plant ki
menase, ki gen yon valè eksepsyonèl nan sa ki gen pou wè ak Lasyans oubyen konsèvasyon ;

Tout sit ak zòn natirèl ki byen delimite ki gen yon valè eksepsyonèl nan sa ki gen pou wè ak bèbèl, Lasyans, konsèvasyon oubyen bote natirèl. N ap fè remake tèks sa a se yon tradiksyon, se pa tèks orijinal la. W ap wè tèks orijinal la nan imaj ki pi ba a.

Related posts

Leave a Comment