Gingerbread se yon tip kay ki tanmen konstri an Ayiti nan dezyèm mwatye 19èm syèk la.

Gingerbread se yon tip kay ki tanmen konstri an Ayiti nan dezyèm mwatye 19èm syèk la. Non an pral parèt bò lane 1950 yo avèk touris ameriken.

Tip kay sa a te pou elit yo prensipalman. Yo te enspire de Palè Nasyonal ki te konstri sou  prezidan Lysius Salomon nan lane 1881.

Gingerbread yo gen plafon wo. Yo gen gwo galgri ak salon laj. Yo fèt an bwa, brik e menm beton. Gen anpil dekorasyon nan kay sa yo sitou avèk motif yo eskilte nan bwa yo. Sepandan, n ap remake deskripsyon nou bay la a pa absoli. Pa egzanp, genyen kay Gingerbread ki pa twò gwo, yon lòt kote non sèlman elit nan vil yo, men peyizan yo te rive imite stil kay sa a tou.

Se vre gen Gingerbread plizyè kote nan peyi a, sepandan pi gwo konsantrasyon Gingerbread yo chita nan pòtoprens: Lali, Bwavèna, Tijo, Pako, Babyòl, Kwadepre  ak « bas peu chose ». An 2015, sèlman nan zòn sa yo, yon etid (Columbia University, UEH, FOKAL, ISPAN, …) te idantifye 356 malgre tout sa ki te kraze nan tranbleman tè 12 janvye 2010 la.

Menmsi Gingerbread yo te sibi enfliyans achitekti etranje men se yon tip achitekti ayisyen ki te parèt anba kout kreyon achitèk tankou George Baussan(Jòj Bosan), Léon Mathon(Leyon Maton), Joseph-Eugène Maximilien(Jozèf Ejèn Maksimilyen) pou n site sa yo sèlman.

Related posts

Leave a Comment