Model

Nan lide pou konsève Patrimwàn Bati Ayisyen yo, jan misyon li mande sa,  ISPAN elabore yon ansanm pwopozisyon ki vize pou mete kèk moniman nan rejyon Nò a an valè.  

Nan sans sa a, Biwo Nò a te deja fè yon entèvansyon nan Bayè Boutèy nan mwa dawout 2018 pou restore Antre a. Sepandan aprè yon aksidan te fin andomaje moniman sila, malgre tout reklamasyon ISPAN fè, enstitisyon ki reskonsab aksidan an  pou li repare domaj yo, anyen pa jamm fèt.

Jounen jodi a, entèvansyon yo konsène Fò Sen Jozèf ki se yon fò fransè yo te konstri nan lane 1748, li fè pati sa nou rele sistèm defansif kòt Kap fransè a.

Entèvansyon sila ke reprezantasyon ISPAN nan Nò a ap dirije, ap fèt nan tèt kole ak HAITI SAILING CUP, OGDNH, Meri kap Ayisyen an, Chanm Komès Nò a, Biwo Rejyonal Touris Nò a ak « Société Capoise d’Histoire ».  

Gen nouvo pwopozisyon k ap vini pou lòt moniman nan rejyon Nò a tankou  Fò Pikolè, Fò Sen Jozèf ( nan Fòlibète), Sit Vètyè Elatriye.

Nou pataje inisyativ sa yo yon fason pou sansibilize epi bay lide sou kòman ak egzijans sa fè pou entèvni sou moniman istorik nou yo.

Model

Leave a Comment